Selon enfòmasyon ki sòti nan The Athletic, FIFA ap etidye yon nouvo mezi pou mondyal 2026 la ki gen rapò ak katon jòn yo. Daprè pwopozisyon an, kantite katon jòn jwè yo resevwa yo ta ka retounen a zewo 2 fwa pandan konpetisyon an : yon premye fwa aprè faz de gwoup yo, epi yon dezyèm fwa aprè kadefinal yo. Objektif prensipal mezi sa a se ta diminye risk pou jwè enpòtan yo rate match kle yo.
Nan sistèm aktyèl la, yon jwè ki pran 2 katon jòn nan diferan match p ap ka jwe nan pwochen rankont lan, sa ki pafwa afekte ekip yo nan moman enpòtan tounwa a.
Si mezi sa a ta adopte, li ta kapab gen yon gwo enpak sou dinamik konpetisyon an, paske l ap pèmèt pi gwo zetwal yo rete plis disponib pou etap enpòtan yo. Sepandan, sa rete yon pwopozisyon ki sou tab etid FIFA.
Redaktè : Moïse Savensley






