Plizyè fidèl nan yon legliz nan vil Okay manifeste kont desizyon Pastè Dasmy Mario pran pou vann legliz la bay yon dyaspora pou anviwon 60 mil dola ameriken. Fidèl yo, ki di yo pa t okouran de tranzaksyon an, deplase nan pakè vil la pou pote plent epi mande jistis.
Nan deklarasyon yo bay nan mikwo Amos Infos, yo denonse sa, yo konsidere kòm yon aksyon ilegal ak yon mank respè pou kominote relijye a. Yo egzije plis klarifikasyon sou fason desizyon an te pran epi mande otorite yo entèvni.
Nan kontèks sa a, fidèl yo fè konnen yo p ap sispann mobilizasyon yo jiskaske yo jwenn repons klè sou dosye a, pandan yo mete aksan sou enpòtans transparans ak respè nan jesyon byen relijye yo.
Redaktè : Moïse Savensley





